Lapse in Appropriations

For workplace safety and health, please call 800-321-6742; for mine safety and health, please call 800-746-1553; for Job Corps, please call 800-733-5627 and for Wage and Hour, please call 1-866-487-9243 (1 866-4-US-WAGE).  This website is currently not being updated due to the suspension of Federal government services. The last update to the site was 2/2/2026.  Updates to the site will start again when the Federal government resumes operations.

Salè ak Avantaj

Bay Poz Pou Travayè K ap Fè Alètman yo Tire Lèt

Ou gen responsabilite pou w bay anplwaye k ap fè alètman yo poz ak espas rezonab pou yo tire lèt nan travay la.

An jeneral, Lwa sou Prensip Travay ki Jis (Fair Labor Standards Act, FLSA) la mande pou konpayi yo bay poz rezonab pou yon anplwaye tire lèt pou bebe yo ki nan alètman an pandan yon ane apre yo fin akouche chak lè anplwaye sa a bezwen tire lèt. Kantite fwa ak kantite tan poz yo bezwen pou yo tire lèt la ap varye tou depan de eleman ki gen rapò ak anplwaye k ap fè alètman an ak timoun nan. Eleman tankou kote espas la ye ak etap ki nesesè yon fason rezonab pou yo tire lèt nan tete yo, tankou prepare ponp lan, ka gen enpak sou tan anplwaye a ap bezwen pou l tire lèt la.

 

Anplwaye ki travay a distans yo kalifye pou yo pran poz pou yo tire lèt dapre FLSA sou menm baz ak lòt anplwaye yo.

 

Anplwaye ki konsène sa yo ap jwenn “yon kote, ki pa yon twalèt, ki bare pou moun pa wè e kote kòlèg yo ak piblik la p ap ka annik antre, kote anplwaye a ka itilize pou yo tire lèt nan tete yo.” Dapre FLSA a, yon twalèt, menmsi l prive, pa yon kote ki apwopriye pou konpayi a bay pou moun tire lèt tete.

 

Dapre FLSA a, lè yon anplwaye ap itilize poz li nan travay la pou l tire lèt tete l, li:

  • Dwe pa gen okenn travay l ap fè; oswa
  • Dwe touche pou tan poz la.

 

Met sou sa, lè konpayi yo bay poz peye, yon anplwaye ki itilize poz sa a pou l tire lèt tete l dwe touche menm jan ak anplwaye yo peye pou poz yo.

Mother holding her infant baby

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka jwenn reponn anpil kesyon konsènan kondisyon pou bay anplwaye k ap fè alètman yon poz ak espas rezonab pou sa lè w li sa ki annapre a.

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

WHD: 1-866-4-US-WAGE (1-866-487-9243)

Tout konvèsasyon avèk nou yo gratis epi konfidansyèl.

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

The elaws (Employment Laws Assistance for Workers and Small Businesses) Advisors are a set of online tools developed by the U.S. Department of Labor to help employees and employers understand their rights and responsibilities under federal employment laws.