For workplace safety and health, please call 800-321-6742; for mine safety and health, please call 800-746-1553; for Job Corps, please call 800-733-5627 and for Wage and Hour, please call 1-866-487-9243 (1 866-4-US-WAGE). This website is currently not being updated due to the suspension of Federal government services. The last update to the site was 10/1/2025. Updates to the site will start again when the Federal government resumes operations.
Sòf si w egzante, konpayi yo dwe peye anplwaye yo lè siplemantè omwen 1.5 fwa pousantaj regilye yo apre 40 èdtan travay nan yon semèn travay ki gen sèt jou.
Ou dwe peye anplwaye yo pou tout èdtan yo te travay nan yon semèn travay. An jeneral, “èdtan travay” gen ladann tout tan yon anplwaye fè nan sèvis la, oswa nan espas travay la. Nòmalman, yo dwe peye tan ki pase nan fòmasyon, deplasman de yon sit a yon lòt pandan jounen an, epi fè travay reparasyon.
Anjeneral, anplwaye yo gen dwa pou yo touche omwen salè minimòm federal la ($7.25) pou tout èdtan travay yo, kèlkeswa si yo peye yo pa lè, jou, oswa pa pyès. Gen kèk lwa eta ak lokal ki bay pi gwo pwoteksyon anplwaye yo; anplwaye yo gen dwa nan pi wo salè minimòm lokal, etatik oswa federal ki aplikab ak yo menm.
Sòf si yo egzante, anplwaye yo gen dwa pou yo touche salè minimòm ak lè siplemantè kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo.
Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Yo ka reponn anpil kesyon sou salè lè w itilize Konseye elaws sa yo (Asistans Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):
Pou plis asistans, tanpri kontakte:
Tout konvèsasyon avèk nou yo gratis epi konfidansyèl.
Èske w bezwen plis enfòmasyon?
The elaws (Employment Laws Assistance for Workers and Small Businesses) Advisors are a set of online tools developed by the U.S. Department of Labor to help employees and employers understand their rights and responsibilities under federal employment laws.
200 Constitution Ave NW, Washington, DC 20210
1-866-487-2365 | Federal Telecommunications Relay 711